Accessibility links

Breaking News

Depite Repibliken yo Mande Lis Moun ki Rann Biden Vizit nan Kad Dosye Dokiman Sekrè a


Foto Achiv: Depite James Comer (Repibliken eta Kentucky) pale ak jounalis yo nan Capitol la nan Washington, Jedi 12 Janvye 2023.
Foto Achiv: Depite James Comer (Repibliken eta Kentucky) pale ak jounalis yo nan Capitol la nan Washington, Jedi 12 Janvye 2023.

Depite Repibliken nan Lachanm Depite Etazini mande Lamezonblanch tout enfomasyon ki gen rapo ak fouy ki debouche sou dekouvèt dokiman sekrè lakay ak nan ansyen biwo Prezidan Joe Biden.

Deman sa a fèt apre Lamezonblanch anonse pandan wikèn nan ke yo dekouri kèk lòt dokiman sekrè lakay prezidan an nan eta Delaware.

Nan yon lèt li voye bay Lamezonblanch Dimanch, dirketè Komisyon Responsabilite Lachanm nan di li ta renmen wè dokiman yo ak tout kominikasyon ki gen rapò ak fouy yo.

Repibliken yo mande tou, lis moun ki te vizite rezidans prezidan an nan vil Wilmington, eta Delaware.

XS
SM
MD
LG