Accessibility links

Breaking News

Repibliken yo Mande pou Mennen Ankèt sou Dokiman Sekrè Biden te Genyen yo


Lide Lachanm Depite Kevin McCarthy (Repibliken Kalifoni) pran la pawol pandan yon konferans de pres nan Washington, Jedi 12 Janvye 2023.
Lide Lachanm Depite Kevin McCarthy (Repibliken Kalifoni) pran la pawol pandan yon konferans de pres nan Washington, Jedi 12 Janvye 2023.

Nouvo Lidè Lachanm Depite Etazini Kevin McCarthy reyaji sou dènye nouvèl ki di kom kwa Prezidan Joe Biden te gen dokiman sekrè lakay li nan Wilmington, Delaware epi nan biwo li te genyen nan ansyen enstiti li a nan Washington.

" Mwen kwè Kongrè a dwe mennen ankèt sou sa. Men yon endividi ki okipe yon pos piblik depi plis pase 40 an. Men yon moun ki di sou pwogram 60 Minutes la ke li gen gwo kè sote pou dokiman Prezidan Donald Trump te genyen lakay li. E kounyea nou jwenn ke yon vis prezidan kenbe dokiman sekrè pandan plizyè zane divès kote. Mwen pa kwè okenn Ameriken kwè la jistis pata dwe aji menm jan ak tout moun. E administrasyon an di nou sak te pase anvan chak eleksyon - kelkeswa rezilta ke yo eseye falsifye, yo eseye gen diferan standar selon kwayans yo. Se pa yon bagay ki mache Ozetazini."


Kontrèman ak sa kanmarad Repibliken yo deklare piblikman McCarthy di li pa kwè yo ta dwe nomen yon mèt espesyal pou mennen ankèt sou sa.

"Mwen pa kwè nou bezwen nomen yon mèt espesyal, men mwen kwè Kongrè a dwe jwe yon wol kote li egzaminen sak pase."

Minis Jistis Etazini Merrick Garland pandan yon konferans pou lapres nan Depatman Jistis Etazini, Jedi 12 Janvye 2023. Bo kote li gen John Lausch, Komise Gouvenman vil Chicago.
Minis Jistis Etazini Merrick Garland pandan yon konferans pou lapres nan Depatman Jistis Etazini, Jedi 12 Janvye 2023. Bo kote li gen John Lausch, Komise Gouvenman vil Chicago.

Sepandan, Minis Jistis Etazini, Merrick Garland anonse jodia ke li nomen yon mèt espesyal pou mennen ankèt sou prezans dokiman sekrè lakay ak nan ansyen biwo Prezidan Biden. Galand di li nomenm Robert Hur, yon avoka gouvènman Ameriken ansyen prezidan Trump te nomen pou eta Maryland pou dirije ankèt la.

"Map sire ke Misye Hur gen tout resous li bezwen pou fè travay li. Jan mwen deja di l mwen apiye ak tout fos mwen, pwosesis nomal depatman sa a kapab jere ak entegrite. Men dapre règleman yo, sikonstans ekstraodinè sa yo mande pou nou nomen yon mèt espesyal pou jere kestyon sa a. Nominasyon sa a souliyen angajman depatman jistis la pran vizavi endepandans ak responsabilite sitou anski konsène kestyon sansib. Nou pran desizyon ki baze sou lwa peyi a ak fè. Mwen gen konfyans ke Misye Hur pral pran responsabilite pou jere kestyon ijan sa a ann ako ak tradisyon depatman an."
Foto Achiv: Komise Gouvenman eta Maryland, Robert Hur ki te travay anvan sa kom Minis Jistis adjwen. Se ansyen Prezidan Donald Trump ki nomen li.
Foto Achiv: Komise Gouvenman eta Maryland, Robert Hur ki te travay anvan sa kom Minis Jistis adjwen. Se ansyen Prezidan Donald Trump ki nomen li.

Repibliken wo plase Komisyon Ransèyman Lachanm nan mande pou ajans ransèyman Ameriken yo bay yon rapo sou "dega potansyèl" dokiman sekrè sa yo te ka koze. Depite eta Ohio, Mike Turner deklare Jedi li mande pou Minis Jistis Merrick Garland ak direktè ransèyman nasyonal la, Avril Haines vin ba yo kont randi anvan 26 Janvye.

Lide Minorite Lachanm Depite, Hakeem Jeffries (Demokrat Nouyok) pandan yon konferans de pres nan Washington, Jedi 12 Janvye 2023.
Lide Minorite Lachanm Depite, Hakeem Jeffries (Demokrat Nouyok) pandan yon konferans de pres nan Washington, Jedi 12 Janvye 2023.

Pandansetan, lidè minorite Lachanm nan, Demokrat Hakeem Jeffries kritike Repibliken yo. Li di ajenda yo pou 118èm lejislati a baze sou akizasyon prezidan an epi envestigasyon ki pa gen anyen pou wè ak koz fanmi Ameriken yo vle pou yo defann.

"Olye yo eseye chache mwayen pou travay ansanm, kolèg Repibliken mwen yo apiye ajenda ekstremis MAGA a ki sanble vize envestige fanmi Prezidan an, olye yo chache fè yon diferans nan lavi kodityèn sitwayen Ameriken yo. Se malere."

Prezidan Biden bo kote pa li admèt Jedi ke yo te jwen yon dokiman "sekrè" nan bibyotèk prive li lakay li nan vil Wilmington, eta Delaware epi te gen kèk lot dokiman ke yo te jwen nan garaj li, kèk jou apre yo te dekouvri dokiman sekrè nan biwo li te genyen nan ansyen enstiti li nan Washington."

Prezidan Joe Biden pale ak jounalis yo anvan limenm ak premye dam Jill Biden monte nan elkopte prezidansyel la Marine One, nan Lamezonblanch, Mekredi 11 Janvye 2023.
Prezidan Joe Biden pale ak jounalis yo anvan limenm ak premye dam Jill Biden monte nan elkopte prezidansyel la Marine One, nan Lamezonblanch, Mekredi 11 Janvye 2023.

Biden di jounalis yo Lamezonblanch ap kowopere "konplètman" ak ankèt Depatman Jistis la kote yap eseye detèrmine kijan yo te sere enfomasyon sekrè ak dokiman gouvènman an. Prezidan an pa di kilè yo te dekouvri nouvo seri dokiman yo sèlman ke avoka li yo te al enspekte yon seri depo Mekredi swa.

Avoka yo te jwen premye seri dokiman yo 2 Novanm, kek jou anvan eleksyon mi-manda yo, men yo te revele sa piblikman Lendi semèn sa a.

Revelasyon kom kwa Biden te petèt mal jere dokiman sekrè oubyen dosye prezidansyèl poze yon tèt chaje pou li. Biden te di ansyen Prezidan Trump te "iresponsab" paske li te kenbe plizyè santèn dosye konsa lakay li nan eta Florid.

XS
SM
MD
LG