Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch Defann Fason li Pibliye Enfòmasyon sou Dokiman Sekrè Biden yo


Prezidan Joe Biden rankontre Premye Minis Olande a, Mark Rutte nan Biwo Oval Lamezonblanch la, Madi 17 Janvye 2023.
Prezidan Joe Biden rankontre Premye Minis Olande a, Mark Rutte nan Biwo Oval Lamezonblanch la, Madi 17 Janvye 2023.

Lamezonblanch pa okipe kritik moun lanse pou di li tann twòp tan pou l anonse yo te dekouvri dokiman sekrè ak dosye ofisyèl lakay Prezidan Joe Biden ak nan ansyen biwo li.

Ian Sams, yon pot pawòl biwo avoka Lamezonblanch yo di jounalis yo Madi ke Lamezonblanch taka kenbe kèk enfòmasyon sekrè pou pwoteje envestigasyon Depatman Jistis la e ke li pibliye enfòmasyon li kwè ki "apwopriye".

Lè jounalis yo mande poukisa se ti kras pa ti kras enfòmasyon ap soti sou dekouvèt dokiman yo, Sams reponn pou di Lamezonblanch ap eseye pran an konsiderasyon "risk" ki poze lè li pataje enfòmasyon "ki pa konplè".

XS
SM
MD
LG