Accessibility links

Breaking News

Ronaldo Di Rèv Pou l Genyen yon Mondyal Foutbòl 'Kaba'


Jwe Potige Cristiano Ronaldo reyaji apre li rate yon opotinite pou l make yon gol nan match ka de final seleksyon nasyonal Potigal la kont Mawok, nan Doha, Qatar, 10 Desanm, 2022.
Jwe Potige Cristiano Ronaldo reyaji apre li rate yon opotinite pou l make yon gol nan match ka de final seleksyon nasyonal Potigal la kont Mawok, nan Doha, Qatar, 10 Desanm, 2022.

Vedèt foutbòl Cristiano Ronaldo deklare nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal yo ke rèv li te genyen pou l ranpote Mondyal Foutbòl la ak Potigal kraze. Sepandan li pa di lap pran retrèt li.

Ronaldo, ki gen 37 an, tap kriye nan moman li te kite teren an apre Pòtigal te pèdi 1-0 devan Mawòk nan ka de final yo Samdi.

Ronaldo deklare Dimanch sou Instagram - nan premye kòmantè li fè depi eliminasyon an ke moman an rive pou "reflechi sou lavni".

Sepandan misye pa di si li gen entansyon rete disponib pou jwe pou seleksyon nasyonal Pòtigal la.

Ronaldo se jwè foutbòl maskilen ki make plis gòl nan konpetisyon entènasyonal yo - a savwa 118.

Li di pi gwo rèv li sete mete Pòtigal nan pi wo nivo foutbòl ki egizste nan mond lan.

XS
SM
MD
LG