Accessibility links

Breaking News

Espay: Federasyon Foutbòl la Revoke Luis Enrique - Luis de la Fuente Pran Plas Li Kòm Antrenè


FIFA World Cup Qatar 2022 - Group E - Japan v Spain
FIFA World Cup Qatar 2022 - Group E - Japan v Spain

Luis de la Fuente jwenn nominasyon li kòm nouvo antrenè ekip foutbòl Espay la apre federasyon an te anonse Jedi revokasyon Luis Enrique, 2 jou apre ekip la te pran kannè an nan faz eliminasyon koup du mond 2022 a kont Mawòk.

Ekip Mawòk la te bat ekip Espay la sou penalite. Yo pral jwe pwochen faz eliminasyon dirèk Ka de Final yo ak yon ekip Pòtigal ki montre li kapab jwe san sipèta Cristiano Ronaldo.

Luis de la Fuente se te antrenè ekip Espay ki anba laj-21 an. Federasyon an pral prezante l ofisyèlman lendi e li pral prepare ekip la pou jwe nan mwa mas la nan match kalifikasyon pou chanpyona Euro-2024 la, ki pral fèt nan peyi Almay.

XS
SM
MD
LG