Accessibility links

Breaking News

Mbappe ap Fè Fas ak Bon Zanmi li Hakimi nan Semifinal Mondyal Foutbòl Qatar la


Foto Achiv: Jwe PSG ( Paris Saint-Germain) Kylian Mbappe (a goch) ak Achraf Hakimi pandan yon match nan Brest, peyi La Frans, 20 Out, 2021.
Foto Achiv: Jwe PSG ( Paris Saint-Germain) Kylian Mbappe (a goch) ak Achraf Hakimi pandan yon match nan Brest, peyi La Frans, 20 Out, 2021.

Kylian Mbappe pral fè fas ankò ak bon zanmi li, Achraf Hakimi nan Mondyal Foutbòl sa a.

Vedèt seleksyon Fransèz la t al vizite zanmi li, ki jwe ansanm avè l pou ekip Paris Saint-Germain an nan otèl ekip Mawoken an, anba lavil Doha, Qatar semèn pase a.

Mbappe pral kontre Hakimi nan semifinal Mondyal la Mèkredi.

Hakimi di piblikman li konsidere Mbappe youn nan pi bon jwè foutbòl nan mond lan.

Dapre nouvèl yo, 2 zanmi yo renmen menm stil mizik, jwèt videyo epi yo fete gòl yo menm jan.

Sepandan yon sèl zanmi ka avanse nan final yo, swa kont Ajantin oswa Krowasi.

XS
SM
MD
LG