Accessibility links

Breaking News

Kèk Evènman Ki te Make Semèn Nan


This week grid
This week grid

Xi Lanse yon Pinga bay Biden sou Taiwan

Prezidan Joe Biden ak Prezidan Chinwa a Xi Jinping te pale pandan plis pase 2 zè'd tan Jedi kote yo te diskite sou tansyon ki egziste ant 2 peyi yo.

Nikaragwa Entèdi Nouvo Anbasadè Etazini a Pile Tèritwa li

Gouvènman Nikaragwa retire otorizasyon pou kite Hugo Rodríguez ki se yon nouvo anbasadè Etazini, antre nan peyi a. Gouvènman Nikaragwa a akize li deske li "foure bouch li" nan politik Nikaragwa e ke "li pa gen respè pou peyi a".

Etazini Pwopoze Pou Fè yon Antant ak La Risi pou Liberasyon Griner, Whelan

Administrasyon Biden nan ofri pou'l fè yon antant ak La Risi ki ta pèmèt vedèt WNBA Brittney Giner ak yon lot Ameriken ki fèmen nan prizon ki rele Paul Whelan tounen lakay yo.

Lame Etazini ap Fè Plan pou Sizoka Pelosi Vwayaje Taiwan

Responsab Ameriken yo di yo pa gen kè sote La Chin pral atake avyon Nancy Pelosi si li vwayaje nan Taiwan.

Avoka Handal Deklare Ke La Tiki Poko Libere l Malgre Desizyon Tribinal la

ANKARA — La Tiki poko libere Samir Handal, yon biznisman Ayisyen ki gen yon manda d'arè kont li ann Ayiti an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise. Se sa avoka Handal fè konnen Lendi, malgre desizyon yon tribinal te pran sa gen 3 semèn de sa pou rejte demann ekstradisyon pou misye epi di yo ta dwe libere li.

Sergei Lavrov"Objektif Moskou nan Ikrèn se Libere Pèp la Anba Yon Rejim Inakseptab"

Prensipal diplomat LaRisi a di gran objektif Moskou nan Ikrèn se libere pèp li anba yon "rejim inakseptab", e li eksprime li sou lagè Kremlen an kote se premye fwa li pale kare konsa.

RDC: 3 Manm Misyon Nasyonzini, 7 Manifestan Pèdi Lavi yo Nan Butembo

Chèf polis vil Butembo (Repiblik Demokratik Kongo) deklare ke 3 manm nan misyon Nasyonzini an (Monusco) ak 7 manifestan mouri nan vil la, ki trouve nan Nò Kivu, moun sa yo pèdi lavi yo nan dezyèm jou manifestasyon kont presans Kask Ble, nan peyi a.

Peyi Inyon Ewòp yo Antann yo Pou Rasyone Gaz Natirèl nan Sezon Ivè a

Gouvènman-yo nan Inyon Ewòp-la antann yo madi pou yo rasyone gaz natirèl nan sezon ivè sa a pou yo pwoteje tèt yo kont nenpòt rediksyon LaRisi ta fè nan gaz ke Moskou ap founi yo pandan envazyon nan Ikrèn nan ap kontinye.

XS
SM
MD
LG