Accessibility links

Breaking News

LaRisi Lanse Misil Sou Kyèv


Russia Ukraine War Techno Clean Up
Russia Ukraine War Techno Clean Up

Pou premye fwa depi kèk semèn, LaRisi lanse misil ayè jedi a sou kapital Ikrèn nan Kyèv, ak rejyon Chernihiv, nan sa ki, dapre kòmantè Ikrèn, se ta yon repons poutèt rezistans k ap kontinye kont envazyon Moskou a.

LaRisi atake rejyon Kyèv la ak 6 misil ke li lanse etan nan Lanmè Nwa a, e li blese 15 moun, pami yo 5 sivil, se sa yon gouvènè rejyonal nan Ikrèn fè konnen. Ikrèn di li te desann youn nan misil yo men ke fòs Moskou yo te frape yon enstalasyon militè nan vilaj Liutizh toupre kapital-la, kote yo detwi yon bilding e donmaje 2 lòt.

Gouvènè rejyon Kyèv la Oleksiy Kuleba wè koneksyon ant atak sa yo ak Jounen Eta a ke Ikrèn t ap selebre, ke Prezidan Volodymyr Zelenskyy te mete nan kalandriye peyi a ane pase, e ke Ikrèn te obsève ayè jedi a pou premye fwa.

XS
SM
MD
LG