Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Zelenskyy Vizite Yon Pò pou Sipèvize Premye Ekspòtasyon Sereyal yo


zelensky
zelensky

Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy te vwayaje vandredi nan pò Chornomorsk, ki sitiye nan sid peyi a, pou li sipèvize yon premye chajman sereyal ki pral kite peyi a, apre peyi a te fin siyen yon akò 22 jiyè ak Larisi.

Mesye Zelenskyy, te pibliye yon videyo kote l kanpe devan yon bato ki rele. Polarnet, e li te di nan yon deklarasyon ke "Premye bato a, ke nou chaje ak sereyal depi kòmansman lagè a, sa se yon bato Tik".

Dapre laprezidans, ekspòtasyon yo ta ka kòmanse "nan kèk jou kap vini yo" yo fason pou yo transpòte sereyal sa yo ki te bloke sou pò Ikrenyen yo depi kòmansman lagè a.

Zelenskyy "Nou konplètman prepare. Nou te voye tout siyal yo bay patnè nou yo, Nasyonzini ak Latiki, e militè nou an ap garanti sekirite ".

Dapre li, Kyiv sèlman ap tann pou yon "siyal" soti nan Ankara ak Nasyonzini pou yo ka "kòmanse".

Ekspòtasyon sereyal yo, enpòtan pou sekirite alimantè mondyal, yo ap kòmanse ak plizyè bato ki te deja chaje pandan envazyon Larisi an fevriye men yo pa t kapab kite pò akòz lagè a.

XS
SM
MD
LG