Accessibility links

Breaking News

Xi Lanse yon Pinga bay Biden sou Taiwan, Dapre Peken


Foto Achiv: Prezidan Etazini Joe Biden ak Prezidan La Chin Xi Jinping.
Foto Achiv: Prezidan Etazini Joe Biden ak Prezidan La Chin Xi Jinping.

Prezidan Joe Biden ak Prezidan Chinwa a Xi Jinping te pale pandan plis pase 2 zè'd tan Jedi kote yo te diskite sou tansyon ki egziste ant 2 peyi yo.

Xi mete aksan sou Taiwan ke La Chin reklame kom teritwa pa li, dapre sa Ministè Afè Etranjè a di e li ajoute "moun ki jwe ak dife ap peri nan dife."

Bo kote pa li, Lamezonblanch souliyen ke Biden te re-itere ke Etazini opoze "jefo unilateral pou chanje stati ko a oubyen minnen lapè ak stabilite ki egziste nan Detwa Taiwan nan."

Relasyon ant 2 peyi yo chaje ak tansyon depi nouvèl te gaye pou di kom kwa Lidè La Chanm nan, Nancy Pelosi, taka vwayaje ale nan zile a, ki gen yon gouvènman demokratik.

Se 5èm fwa 2 prezidan yo koze ak premye konvèsasyon yo depi mwad Mas la, apre envazyon La Risi te fè nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG