Accessibility links

Breaking News

Biden: Militè yo 'Pa Kwè se yon Bon Ide' pou Pelosi Vwayaje Taiwan


Lide la Chanm de Reprezantan Nancy Pelosi pale ak patizan yo devan Capitol la, nan Washington, 15 Jiye, 2022.
Lide la Chanm de Reprezantan Nancy Pelosi pale ak patizan yo devan Capitol la, nan Washington, 15 Jiye, 2022.

Prezidan Joe Biden deklare responsab militè Ameriken yo pa kwè "se yon bon ide" pou Lidè la Chanm Dè Reprezantan Nancy Pelosi al vizite Taiwan pou kounyea.

Biden fè komantè a pandan yon echanj ak jounalis yo Mèkredi.

Ministè Afè Etranje La Chin deklare li pral pran "mezi pwisan ak rezoli" si Pelosi pouse pou pi devan ak plan li pou'l vizite Taiwan nan semèn kap vini yo.

Biwo Pelosi di li pap fè komantè ou plan vwayaj entènasyonal lidè a pou rezon sekirite. Li ta palmantè Ameriken pi wo plase ki vizite Taiwan depi 25 an.

XS
SM
MD
LG