Accessibility links

Breaking News

Biden: 'Map Tounen nan Biwo Oval la'


Prezidan Joe Biden rive nan Jaden Woz Lamezonblanch pou pwononse yon diskou apre li teste negatif pou COVID-19, epi reprann travay nan Biwo Oval la, Mekredi 27 Jiye, 2022.
Prezidan Joe Biden rive nan Jaden Woz Lamezonblanch pou pwononse yon diskou apre li teste negatif pou COVID-19, epi reprann travay nan Biwo Oval la, Mekredi 27 Jiye, 2022.

Apre li pase 5 jou ann izolman ak sentom COVID-19 leje, Prezidan Joe Biden teste negativ Madi swa ak maten an e li kouri vit oganize yon paret nan Jaden Woz Lamezonblanch la a midi a pou pale sou maladi li a ki touye plizye milyon moun toupatou nan mond lan. Met sou sa, lavi pi fo mond lan chanje konpletman pandan 2 zan ki pase yo akoz pandemi a.

"Sentom mwen teleje, rekiperasyon mwen te rapid e mwen santi'm anfom," Biden deklare.

Prezidan an diskite sou enfeksyon li an ak pwogre administrasyon li an fe pou kontrekare pandemi a. Li ankouraje tou, moun ki elijib yo pou yal pran vaksen COVID epi vaksen siplemante booster.

"Menm si ou trape COVID ou ka evite yon enfeksyon grav. Nou ka anpeche pi fo moun mouri ka COVID. E se akoz zouti gratis administrasyon mwen achte e distribye ane sa a: vaksen Booster, tes ou ka pran lakay ou epi tretman efikas. Nou jere COVID san ke sote. Mwen jere'l san ke sote, sof pou kek enkonvenyan leje gras ak zouti esansyel sa yo ki ka sove lavi," prezidan an deklare.

Pi bone Mekredi, Biden te pibliye sou Twitter "Map tounen nan biwo Oval la," apre dokte li te konfime li ase byen pou'l mete fen nan izolman li.

Prezidan an te pibiye tou yon foto de yon tes rapid COVID-19 ki montre li negativ kounyea.

"Mesi dokte pou bon swen yo e pou noumenm sitwayen yo pou sipo nou," Prezidan di sou Twitter.


Nan diskou li a, Biden te pale de diferans ant ka COVID pa li ak sak te pase le Donald Trump te enfekte.

"Men reyalite a - le'm te predesese mwen te gen COVID se elikopte li te blije pran pou ale nan Sant Medikal Walter Reed. Li te malad grav. Gras a dye li rekipere," Biden deklare. "Le mwen te enfekte ak OVID mwen te travay anwo lakay mwen nan Lamezonblanch pandan 5 jou. Diferans la se vaksinasyon byen antandu. Men gen 3 nouvo zouti tou - gratis pou tout moun toupatou Ozetazini. Ou pa oblije prezidan pou gen akse ak zouti sa yo pou pwoteje tet ou. Vreman vre, menm booster mwen te pran, menm tes lakay mwen te sevi a la dispozisyon'w. Administrasyon mwen asire tout Ameriken tout kouch sosyal gen akse ak zouti gratis sa yo. "

Biden gen 79 an e li te teste pozitif semen pase a. Li te resevwa yon medikaman ki rele Paxlovid kom tretman, e li di nan diskou li a midi a ke menm medikaman sa a, ki se yoon konprime, ap disponib pou Ameriken yo nan famasi toupatou nan peyi a gratis.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press.

XS
SM
MD
LG