Accessibility links

Breaking News

Doktè: Biden Pwobableman Gen yon Tip COVID-19 Ki Trè Kontaje


Nan foto sa a ke Lamezonblanch pibliye, Prezidan Joe Biden pale nan telefon ak konseye sekirite nasyonal li yo nan Lamezonblanch, Vandredi 22 Jiye 2022.
Nan foto sa a ke Lamezonblanch pibliye, Prezidan Joe Biden pale nan telefon ak konseye sekirite nasyonal li yo nan Lamezonblanch, Vandredi 22 Jiye 2022.

Prezidan Joe Biden pwobableman trape yon varyan kontaje kowonaviris la kap pwopaje rapidman toupatou Ozetazini, e kounyea li gen ko fè mal ak goj fè mal. Se sa doktè li fè konnen. Prezidan an te teste pozitif pou kowonaviris la Jedi pase a.

Varyan BA.5 lye ak omicron, yon varyan ki te parèt nan fen ane pase a. Yo kwè li responsab pou pi fo ka kowonaviris ki egziste kounyela a Ozetazini.

Doktè Kevin O'Connor ekri nan dènye deklarasyon li pibliye sou eta sante Biden nan ke rezilta tès preliminè yo fè endike varyan BA.5 la pap afekte tretman prezidan an ap resevwa ditou.

Prezidan an izole nan Lamezonblanch depi li teste pozitif pou kowonaviris la.

XS
SM
MD
LG