Accessibility links

Breaking News

Biden: "Chanjman Klimatik se yon Ijans"


Prezidan Joe Biden pale ak manm lapres apre li debake nan Air Force One (avyon prezidansyel la) Mekredi 20 Jiye, 2022.
Prezidan Joe Biden pale ak manm lapres apre li debake nan Air Force One (avyon prezidansyel la) Mekredi 20 Jiye, 2022.

Prezidan Joe Biden deklare Mekredi chanjman klimatik se yon ijans, men li pa fe yon deklarasyon ofisyel sou sa. Li anonse pito yon seri aksyon egzekitif modest kote li pwomet plis jefo agresiv.

Biden fe komante sa yo pandan yon vizit nan Massachusetts, nan moman yon vag chale frape l'Ewop ak Etazini. Gen 100 milyon Ameriken ant Nouyok ak Las Vegas kap fe fas ak avetisman gwo chale semen sa a.

Biden di: "chanjman klimatik menase egzistans peyi Etazini ak le mond. Se yon ijans e se konsa mwen pral gade'l."

XS
SM
MD
LG