Sezon lapli kap demare ofisyèlman premye jen kap vini la enkyete asosiyasyon ak regwoupman Fanm yo nan agrikilti. Estrikti sa mande leta pou travay sou yon plan amenajman teritwa nan lide pou limite dega yo e mande agrikiltè yo pou yo plis rezonab nan envestisman yap fè pandan peryòd sa.
Sendika kiltivate Latibonit yo oganize yon aktivite pou komemore Fet Travay ak Agrikilti, kote yo fe konnen yo pare pou travay ak manm Konsey Prezidansyel Tranzisyon an. Junior Racine gen detay depi vil Sen Mak.
Moun nan nòdès Ayiti kòmanse travay samdi 27 avril nan konstriksyon yon kanal irigasyon nan moman kote peyi a ap tann konsèy prezidansyèl tranzisyon ki fèk enstale a nonmen yon prezidan pwovizwa ki ap gen pou mete sekirite nan peyi a apre plizyè mwa vyolans gang ki ogmante.
Plizyè bouk nan Oklahoma, yon eta ki sitye nan sant-wès Etazini tanmen pwosesis netwayaj aprè yon seri tornad ki kraze kay ak bilding pandan wikèn nan. Gen omwens 4 moun ki mouri - pami yo yon ti bebe
Sekouris ijans yo t ap chèche omwen 7 machin ki disparèt nan dlo a apre pon Baltimore a tonbe Madi maten apre yon bato te fè kolizyon avèl, dapre sa otorite yo te rapòte.
Teknisyen yo ap pare pou monte kèk van nan tèt kanal la, korespondan nou Jaudelet Junior Saint-Vil te pale sou kesyon sa ak enjenyè Cléomin Dorvil
Malgre pwoblèm materyèl travay yo tojou ap kontinye sou kanal la nan Wanament, Jounalis VOA Kreyòl Jaudelet Jurnior Saint Vil te pale ak yon enjenyè ki te pale sou ki kalite travay yap fè kounya
Vil nan zon Nouyok anba nèj, sa ki bay tèt chaje pi fose lekol ak kèk biznis pou yo femen pot yo. Valerio Saint Louis gen detay
Anvwaye Espesyal Prezidan Joe Biden pou Chanjman Klimatik, John Kerry, deklare li pap pran retrèt li. Misye fè anons la nan vil Davos, La Suis, kote Somè Ekonomik Mondyal la ap dewoule.
Load more