Accessibility links

Breaking News

Biden Siyen yon Lòd Ekzekitif Pou Dekouraje Anprizonnman Ilegal Sitwayen Ameriken Aletranje


BIDEN CLIMA
BIDEN CLIMA

Biden Siyen yon Lòd Ekzekitif Pou Dekouraje Anprizonnman Ilegal Sitwayen Ameriken Aletranje

WASHINGTON - Prezidan Joe Biden siyen madi yon lòd ekzekitif (yon dekrѐ) avѐk objektif pou l dekouraje epi pini moun ki ta komѐt anprizonnman ilegal kont sitwayen ameriken aletranje; pou sa, dekrѐ a otorize ajans gouvѐnman ameriken an enpoze sanksyon epi pran lòt dispozisyon kont moun ki ta responsab pou aksyon konsa.

Biden resevwa gwo presyon nan men fanmi otaj ak prizonye, pi resaman nan ka vedѐt baskѐbòl feminen Brittney Griner, ki nan prizon depi mwa fevriye a nan Larisi kote pwosѐ l ap dewoule.

Rapò ant Washington ak Moskou k ap deteryore akoz envazyon Moskou fѐ nan Ikrѐn nan pwojte anprizonnman manmzѐl la devan sѐn aktyalite a . Lѐzetazini pa bay yon chif ofisyѐl pou kantite sitwayen ameriken ki nan prizon aletranje; sepandan, daprѐ Fondasyon Eritaj James W. Foley, ki pote non yon jounalis ameriken yo te kidnape epi asasinen nan Siri, gen plis pase 60 sitwayen ameriken ki nan prison ilegalman nan anviwon 18 peyi. Kek nan yo twouve yo nan prizon nan peyi ennmi Lezetazini, tankou Iran, Larisi, Venezuela ak Lachin.

XS
SM
MD
LG