Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch Bay Detay sou yon Plan Lit Kont Krim pou $37 Milya


In this image provided by the White House, President Joe Biden speaks on the phone from the Treaty Room in the residence of the White House, July 21, 2022. Biden says he's "doing great" after testing positive for COVID-19.
In this image provided by the White House, President Joe Biden speaks on the phone from the Treaty Room in the residence of the White House, July 21, 2022. Biden says he's "doing great" after testing positive for COVID-19.

Prezidan ameriken an, Joe Biden, te sipoze pran lapawòl jedi 21 jiyè a pou l bay detay sou yon plan depans 37 milya dola li pwopoze pou konbat epi evite zak kriminèl. Lamezonblanch te pibliye kèk done sou plan an byen anvan Prezidan an te gen pou l fè yon diskou sou dosye a nan yon seremoni ki te sipoze dewoule nan Eta Pennsilvani. Lamezonblanch anile seremomi an akoz lidè ameriken an teste pozitif pou KOVID-19.

Sòm lajan 37 milya dola a gen ladan l anviwon 13 milya dola pou ede kominote yo anboche epi antrene 100 mil nouvo polisye sou yon peryòd 5 kan. Yon lòt sòm lajan 3 milya dola pral sèvi pou rezoud pwoblèm reta tribinal yo genyen nan trètman dosye yo, jere pwoblèm asasina atravè peyi a epi mete sou pye kèk komite lokal espesyal pou redui kantite vyolans ki fet ak zamafe.

Lamezonblanch fè konnen pwopozisyon Biden nan ka ranfòse pèn yon moun ka pran pou trafik dwòg ki rele fenntanil la epi administrasyon an pral mande Kongrè a fè aplike lejislasyon ki va pèmèt lajistis jije mache online yo si otorite yo jwenn yo koupab pou lavant machandiz moun vòlè.

XS
SM
MD
LG