Accessibility links

Breaking News

Biden Fè "Gwo Mye", Men Gòj Li Toujou Ap Fè L Mal


Foto Achiv: Kowodonate Repons Lamezonblanch ak pandemi COVID-19 la, Dokte Ashish Jha pran la pawol pandan yon konferans de pres nan Lamezonblanch, Jedi 21 Jiye 2022.
Foto Achiv: Kowodonate Repons Lamezonblanch ak pandemi COVID-19 la, Dokte Ashish Jha pran la pawol pandan yon konferans de pres nan Lamezonblanch, Jedi 21 Jiye 2022.

Doktè Prezidan k ap swaye Prezidan Joe Biden, Kevin O'Connor, di lidè ameriken an kontinye fè "gwo amelyorasyon" malgre gòj li toujou ap fè l mal.

Biden te teste pozitif pou kowonaviris la jedi pase a; depi lè a l ap pran yon medikaman anti-viral ki rele Paxlovid.

Kowòdonatè Lamezonblanch pou KOVID-19 la, Doktè Ashisha Jha, di Biden santi l "pi byen anpil-anpil." Doktè Jha ajoute: "Gras a Dye, vaksen nou yo ak terapi nou yo mache byen kont kowonaviris."

Responsab yo mete aksan sou le fèt ke sentòm Biden yo leje paske li te deja resevwa 4 doz vaksen KOVID-19 la epi li kòmanse pran Paxlovid.

Doktè O'Connor te fè konnen samdi ke prezidan an pwobableman enfekte ak varyan ki rele BA.5 la ki kontaje anpil e k ap pwopaje trè vit Ozetazini.

Doktè Jha, bò kote pa l, konfime dimanch ke "se varyan BA.5 la" Prezidan Biden trape.

XS
SM
MD
LG