Accessibility links

Breaking News

Avoka: La Tiki Poko Libere Handal Malgre Desizyon Tribinal la


Otorite La Tiki te arete Samir Handal pandan yon eskal avyon li te fe nan Istanboul.
Otorite La Tiki te arete Samir Handal pandan yon eskal avyon li te fe nan Istanboul.

La Tiki poko libere Samir Handal, yon biznisman Ayisyen ki gen yon manda d'arè kont li ann Ayiti an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise. Se sa avoka Handal fè konnen Lendi, malgre desizyon yon tribinal te pran sa gen 3 semèn de sa pou rejte demann ekstradisyon pou misye epi di yo ta dwe libere li.

Prezidan Moise, 53 zan, te mouri asasinen nan rezidans prive li nan yon banlye Potoprens 7 Jiye 2021. Madanm ni, Martine Moise te blese grav nan atak la e li te resevwa swen lopital.

Handal, ki gen nasyonalite Jodanyen fèmen nan prizon nan La Tiki depi yo te arete li pandan yon eskal avyon li te fè nan Istanbul nan mwad Novanm ane pase a. Se Ozetazini misye te pran avyon pou'l ale Jodani.

Avoka Handal di alet wouj Interpol ki te lakoz yo te arete'l la te vinn sispann sou demann yo ann atandan otorite yo te revize'l.

Yon tribinal Tik te rejte demann ekstradisyon Ayiti te fè pou voye Handal tounen Potoprens 4 Jiye, epi deside yo ta dwe lage li.

Mèt Mahmut Barlas di otorite Tik yo te deside depote Handal apre desizyon tribinal la, men yon entediksyon kont vwayaj ann Ayiti ki te pibliye mwa sa a akoz alèt wouj la anpeche yo depote'l.

"Kliyan mwen prive ilegalman de libète li, akoz egzistans yon alèt wouj ki baze sou yon fo agiman," Barlas di ajans nouvèl Reuters.

"Sa reprezante yon vyolasyon ilegal, odye e dirèk règleman done Interpol yo ak Kod Penal La Tiki," Barlas deklare.

Li ajoute ke Handal te fèmen nan yon sant depotasyon depi 5 Jiyè e ke yo te transfere'l nan ayewopo Istanbul la 15 Jiyv anvan yo te re-mennen li nan sant la apre pwosesis depotasyon an te kanpe.

"Entediksyon vwayaj la aplike san yon lot tribinal la e li ta dwe leve tou swit," Barlas deklare.

Interpol pat reponn demann Reuters te fè pou komantè sou stati alèt wouj kont Handal la.

Handal deklare se lwe sèlman li te lwe Ayisyen - Ameriken Emmanuel Sanon, prezime sevo konplo asasina a - e ke li pat o kouran okenn plan pou touye Moise.

Avoka Handal yo di yo pa dwe ekstrade li paske li pral fe fas ak travo fose ann Ayiti. Yo souliyen tou ensètitid politik ki egizste nan peyi a.

XS
SM
MD
LG