Accessibility links

Breaking News

Ekstradisyon Samir Handal: Minis Afè Etranjè Généus Konfime Tout Dokiman Otorite Tik yo Mande Delivre


Jean victor Geneus
Jean victor Geneus

Mwen konfime ke tout dokiman otorite Tik yo mande nan kad ekstradisyon Samir Handal yo te pwodwi, tradui, sètifye ak delivre pa Gvt ayisyen an nan anbasad Tik la nan DR ki te rekonèt li resevwa nan Madi 21 Desanm 2021.

Plis pase yon mwa apre arestasyon Samir Handal nan LaTiki, ki se youn nan sispè kle nan asasinay Prezidan Jovenel Moïse dapre sa ankèt DCPJ devwale. Sou Paj twitter li nouvo Minis Afè Etranjè a fè anons sila ke yo pwodwi dokiman ke otorite Tirk yo te mande yo .

Otorite tirk yo, te arete Handal 15 novanm 2021, sou yon avi rechèch Interpòl, li te reponn kesyon yon tribinal nan peyi Latiki. Li nan yon prizon nan Istanboul pou omwen 40 jou sou òdonans Ministè Jistis peyi Latiki, pandan ke otorite de peyi yo ap travay pou Ekstradisyon li nan peyi dAyiti pou al reponn kesyon lajistis.

Ansyen Minis Afè Etranjè e ansyen premye minis sou administrasyon Jovenel Moïse la, Claude Joseph ki te alète otorite tik de eskal Handal tap fè nan peyi Latiki kote li soti Etazini pou li ale Lajòdani te kritike gouvènman Ariel Henry an ki dapre li « pa gen oken volonte politik pou arete moun ki koupab yo ».

Menm pitit gason defen prezidan Jovenel la, Joverlein Moïse kritike gouvènman Ariel Henry kote li te di piblikman dat 9 desanm 2021 ke "Gouvènman Ayisyen an Refize Kolabore pou Fasilite Ekstradisyon Samir Handal."

XS
SM
MD
LG