Accessibility links

Breaking News

Claude Joseph di PM Ariel Henry Responsab pou Liberasyon Handal nan La Tiki


Foto Achiv: Claude Joseph nan Potoprens, 20 Jiye 2021.
Foto Achiv: Claude Joseph nan Potoprens, 20 Jiye 2021.

Ex-premye minis ak minis afè etranjè Ayisyen Claude Joseph reyaji a nouvèl dèske La Tiki pap ekstrade Samir Handal Anayiti.

"Liberasyon Samir Handal nan La Tiki preokipe nou," Joseph di VOA Kreyol.

Nan yon mesaj li pibliye sou Twitter, ex-minis la di se Premye Minis Ariel Henry ki responsab pou desizyon sa a, e li di enplikasyon Handal nan dosye asasina Moise la dokimante.

"Enplikasyon prezime SamirHandal nan asasina Jovenel Moise byen dokimante nan rapò DCPJ a, yon travay enpekab," Joseph di sou Twitter.

"Handal libere paske gouvènman Ariel la fè ekspre pwodwi yon deman ekstradisyon bakle ki pat gen okenn chans reyusi," li ajoute.


Se Joseph ki te mande La Tiki arete Handal an Novanm 2021, lè li te vinn o kouran ke misye te pran avyon depi Etazini pou'l al Jòdani.

Ansyen minis la di dènye korespondans La Tiki te voye bay Ayiti te poze 2 kestyon: Eske Ayiti pral kondane Handal pou'l fè travo fose oubyen eske lap konnen pèn de mo?

"Gouvènman Ayisyen an chwazi anko pou yo pa reponn a korespondans sa a. E se paske La Tiki pa jwenn repons a kestyon sa yo ki fè yo libere Samir Handal," Joseph di VOA. Misye di li pibliye sou paj Facebook li korespondans sa a.

Gouvenman Ayisyen an poko reyaji piblikman sou nouvel sa a.

Yon tribinal nan La Tiki deside jodi Lendi 4 Jiyè a pou'l pa ekstrade biznisman Ayisyen Samir Handal ann Ayiti epi lage'l san okenn restriksyon legal, dapre sa laprès Tik rapòte.

Avoka Handal yo te di La Tiki pa dwe ekstrade Handal paske li ta fè fas ak travo fòse Anayiti epi yo taka toupizi li oubyen li taka mouri nan prizon akoz konsidyon sevè ki egziste nan peyi a.

Yo souliyen tou ensètitid politik ki egziste nan peyi a. Ministè Afè Etranje La Tiki te lanse avètisman semèn pase a kont vwayaj nan peyi d'Ayiti akoz pakèt krim ak kè sote pou ensekirite ki egziste yo.

"Prèv nou klè. Li pa difisil pou wè yo pap aji yon fason jis ak kliyan nou, yo pal toupiri epi touye li," avoka Mahmut Barlas deklare Lendi.

Samir Handal se gen sitwayènte Jòdanyèn e li te nan wout pou'l al Jodani lè otorite Tik yo te arete'l pandan yon eskal nan Istanbul.

La jistis Ayisyèn akize'l dèske li te patisipe nan konplo pou touye Prezidan Moise. Sepandan, Handal deklare inosans li e li di se yon kay sèlman li te lwe Emmanuel Sanon, youn nan prensipal sispèk nan asasina a e swadizan konplotè prensipal la.

Li pa klè si Handal jwenn liberasyon ni tou swit ni ki kote li gen entansyon ale kounyea ke li lib.

XS
SM
MD
LG