Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Ai, Jean Michel Lapin, Di Gen yon Bato Petwòl 100 Mil Baril Ki Prè pou Distribisyon


Haitian workers wait for customers at a gas station in Port-au-Prince March 11, 2007. Venezuela's President Hugo Chavez will visit Haiti's President Rene Preval on Monday to offer aid to the poor Caribbean nation.
Haitian workers wait for customers at a gas station in Port-au-Prince March 11, 2007. Venezuela's President Hugo Chavez will visit Haiti's President Rene Preval on Monday to offer aid to the poor Caribbean nation.

Premye Minis ai ayisyen an Jean Michel Lapin anonse yon bato petwòl rive nan peyi a ak plis pase 100 mil baril gazolin ki pral distribye nan estasyon gazolin yo. Responsab la anonse plizyè lòt kagezon gen pou rive nan peyi a nan jou k ap vini la yo.

Msye Lapin ajoute a pati de jedi 19 septanm ta dwe gen yon soulajman nan distribisyon gazolin ak diezel sou mache a. Chèf gouvènman ai a konfime nan rankont ak jounalis yo leta pa kapab kontinye finanse pri gazolin nan sou mache a e ke popilasyon an dwe atann li ak yon ogmantasyon pri galon gazolin nan.

Ayiti leve timidman mèkredi 18 septanm nan apre 2 jounen manifestasyon nan kapital la ak kèk vil pwovens pou pwoteste kont rate gazolin nan sou mache a. Gouvènman enterimè a anonse yo kòmanse distribye gazolin nan ponp yo.

Otomobilis yo kapab kòmanse achte pwodui petwolye jedi 19 septanm nan. Pandanstan oken dat poko fikse pou premye minis nonmen an Fritz William Michel vinn fè deklarasyon politik jeneral li devan sena a. Senatè yo mande fòmasyon yon komisyon pou ankete sou yon seri eskandal ki frape enstitisyon an.

XS
SM
MD
LG