Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Aktivite yo Reprann Timidman Apre yon Jounen Tansyon Atravè Peyi a


2 neg kap pase sou yon motosiklèt nan yon ri nan Pòtoprens kote kawotchou ap boule. Pòtoprens, Ayiti, 10 jiyè 2019. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares
2 neg kap pase sou yon motosiklèt nan yon ri nan Pòtoprens kote kawotchou ap boule. Pòtoprens, Ayiti, 10 jiyè 2019. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares

Ayiti nouvèl yo rapòte aktivite kòmanse reprann timidman bonè madi 17 septanm 2019 la nan kapital la ak nan kèk vil pwovens apre yon jounen vyolans kote te gen plizyè ensidan.

Temwen yo rapòte toujou gen barikad nan kèk zòn madi 17 septanm nan nan alantou kapital la. Popilasyon an, ki pa sispann mande demisyon Prezidan Jovenel Moise, ap pwoteste kont rate gazolin sou mache a. Premye Minis ai a Jean Michel Lapin pwomèt yon kagezon gaz ta dwe rive nan kapital la madi 17 septanm nan.

Nan vil Jakmèl jounalis Zidor Elmon resevwa yon kout kouto nan do nan moman li t ap kouvri yon manifestasyon. 2 lòt jounalis pase yon move moman nan men manifestan yo.

Nouvèl yo rapòte nèg ame kontinye ak boukante kout zam nan zòn Ti Rivyè Latibonit. Dezòd sa yo ap dewoule malgre pòt pawòl adjwen Polis Nasyonal la, Gary Desrosiers, di fòs de lòd yo prezan nan lari a pou garanti sekirite popilasyon an.

XS
SM
MD
LG