Accessibility links

Breaking News

Koudèy sou Dega Dorian Koze nan Bahamas - Sitiyasyon Imigran Ayisyen yo


Pastè Jeremiah Saunders poze pou yon foto pandan li kanpe sou debri legliz li ke Siklòn Dorian kraze nan vil High Rock, nan Grann Bahama. (Foto: Mèkredi 11 septanm 2019. Pastè Jeremiah deklare: <<Mwen pale ak dlo a pou m di li: 'Lapè, rete trankil." Li pa t janm koute m.…>>
Pastè Jeremiah Saunders poze pou yon foto pandan li kanpe sou debri legliz li ke Siklòn Dorian kraze nan vil High Rock, nan Grann Bahama. (Foto: Mèkredi 11 septanm 2019. Pastè Jeremiah deklare: <<Mwen pale ak dlo a pou m di li: 'Lapè, rete trankil." Li pa t janm koute m.…>>

Nan Bahamas, otorite yo fè konnen yo enskri 2 mil 500 non sou yon lis kote yo resanse moun ki disparèt depi plis pase yon semèn aprè Siklòn Dorian te ravaje 2 zile nan peyi a : Zile Abako ak Zile Grann Bahama. Yon lòt kote, dirijan kominote ayisyen nan Dyaspora a ap miltiplye efò yo pou yo kore inisyativ ki sou pye pou ede konpatriyòt yo ki viktim dezas natirèl sa a nan Bahamas.

Daprè yon sous bahameyen ki merite konfyans, yon kantite nan moun ki disparèt depi pasaj Siklòn Dorian an sou zile yo, se moun ki byen kapab vivan toujou, men ki ale pran refij nan abri kote sinistre yo al rete pwovizwaman; e chif ofisyèl la pou kantite moun ki mouri yo se 50. Sepandan, pandan responsab yo ap kontiye fè rechèch ak fouy, pandan yo kontinye ak operasyon netwayaj la, yo atann-yo aske kantite sa a ogmante seryezman. Carl Smith se yon pòtpawòl ofisyèl pou NEMA (swa Ajans Nasyonal pou Jesyon Dezas nan Bahamas) : Misye Smith di :

« Chif ofisyèl moun ki mouri yo ke otorite lapolis yo voye ban nou, pandan y ap travay etwatman avèk medsen lejis yo, se 50 moun, daprè enfòmasyon yo bay. Nou rekonèt gwo kokenn devastasyon move tan an komèt. Men nou pa pral fè espekilasyon, sipozisyon sou kantite ni chif, sou kisa chif final la ta dwe ye. Nou byen konprann ke moun yo genyen kè-cho, yo ta renmen konnen vrè chif la vit, e se menm bagay pou nou. Sepandan jiskaprezan, pou nou-menm, vrè chif la se 50; ofir-e-a-mezi n ap resevwa done ofisyèl yo, nou va transmèt yo bay piblik la. »

Pou sa ki konsène Ayisyen k ap viv nan Bahamas yo –sitou sila yo ke move tan an te bare sou Zile Aba ko ak Grann Bahama-- nouvèl yo fè konnen sitiyasyon an difisil anpil. Vrèmanvre Chaje Dafè ayisyen ki nan Nassau a, Dorval Darlier, bay Lavwadlamerik yon entèvyou kote li deklare konpatriyòt yo ap fè fas ak pwoblèm ki tèlman malouk, sa pral pran anpil tan anvan pou yo rekanpe sou pye yo.

Entèvyou ak Chaje Dafè Ayiti a nan Bahamas sou Sitiyasyon Migran Ayisyen yo Apre Pasaj Siklòn Dorian
please wait

No media source currently available

0:00 0:20:18 0:00

Bò kote pa l, Pè Junior Calixte, k ap viv nan Nassau sanble kore pozisyon lidè relijye a lè li deklare :

« Yo transpòte anpil moun ki te Abako nan abri nan Nassau. Jan yo pale avek nou, nou wè se pa rad ak manje sèlman yo bezwen; li nesesè pou yo jwenn tou medsen sikològ pou sante mantal yo. Pa egzanp, yon mesye ayisyen rakonte istwa kote li te kenbe madanm li ak pitit li pandan yo t ap deplase nan dlo lavalas Siklòn nan te lage sou Abako. Finalman li te oblije lage yo pou l te wè yo ki t ap neye devan je li san l pa t ka fè anyen pou yo. Sa montre viktim yo bezwen wè aksyon k ap fèt pou garanti sante mantal l yo tou.»

Pè Junior Calixte pale konsa nan yon entèvyou ak Monseyè Guy Sansaricq ki nan tèt yon moumvan kap travay pou kanalize asistans sou Bahamas ki pral ede Ayisyen ki viktim yo.

Daprè premye kalkil yo, Dorian –ki pase sou Bahamas kòm yon Siklòn kategori 5, kidonk, se siklòn pi malouk, ki pi tèrib ki frape zile yo--- ebyen, premye kalkil yo te fè konprann siklòn nan koze dega pou anviwon 33 MILYA dola…

XS
SM
MD
LG