Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Sitiyasyon Sekirite a Poko Klè Malgre Gouvènman an Fè Bak sou Ogmantasyon Pri Gaz la


 Yon machin ki kanpe sou wout Gressiers a.
Yon machin ki kanpe sou wout Gressiers a.

Dimanch 8 jiye 2018 la, manifestan yo te boule kawotchou nan plizye zon nan Potoprens ak nan lari Petyonvil. Kèk nan manifestan yo te piye magazen, mete dife nan machin devan kèk gwo otèl, epi menase pou yo mete dife nan building paleman an.

Depatman Deta Ameriken mande tout ameriken ki twouve yo ann Ayiti pou yo rete alabri andedan kay, akoz violan manifestasyon ki kontinye ap dewoule nan kapital peyi a depi jou gouvenman ayisyen an te anonse li ap ogmante pri gaz la.

“Pa pran lari pou nale ayeopò, sof si nou konnen nan bon timamit ke avyon nou te fè resevasyon an ap pran vol tout bon vre,” se konsèy Depatman Deta Ameriken mete sou site entenèt li kom mezi de prekosyon pou sitwayen Ameriken jounen dimanch 8 jiye a. “Tout vol avyon anile Jodi a, epi ayopo a pa gen anpil mange ak dlo ki disponib.”

Plis pase 120 sitwayen Ameriken trouve yo nan otel nan Potoprens kote manifestan yo ta p eseye mete dife nan kek bilding. Pami sitoyen Ameriken sa yo, gen gwoup jen, misyone ki soti nan Legliz Ameriken nan zon Caroline di Sid, Florid, Georgia, ak Alabama ki bloke nan nasyon Karayib la. Pa gen rapo de sitwayen Ameriken ki ta sibi okenn domaj.

Anpil konpayi avyon anile vol yo ann Ayiti akoz zak vyolans yo. Kèk konpayi avyon ekri sou kont Twitter yo ke yap rekomanse ak vòl abityèl yo nan peyi a lendi 9 jiyè a 2018 la an palan de jodi a. Lavwadlamerik te kontakte American Airlines ki di tou vòl sou Ayiti yo rekòmanse.

Manifestasyon yo te kontinye malgre presidan Ayisyen an Jovenel Moise te retounen sou desizyon administrasyon l lan pou ogmante pri gaz la de apepre 49 pousan.

Moun kap kouri devan otèl Best Western nan apre manifestan te fin mete dife nan machin ki te estasyone nan zòn nan. 7 jiyè 2018, Potoprens.
Moun kap kouri devan otèl Best Western nan apre manifestan te fin mete dife nan machin ki te estasyone nan zòn nan. 7 jiyè 2018, Potoprens.

Nan yon mesaj li te adrese a la nasyon samdi swa, Prezidan Jovenel Moise te deklare: “Pri gaz la ap retounen menm jan l te ye a sou tout teritwa nasyonal la.” Prezidan te fe apel au kalm, epitou mande manifestan yo pou yo antre lakay yo epi kite Lapolis mete lod nan lari a. Twa moun pou pipiti mouri nan manifestasyon ki te komanse vandredi pase a.

XS
SM
MD
LG