Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Moun Mouri Apre Eksplozyon yon Bonbòn Gaz pou Soude Machin


 Yon ri nan pòtoprens Ayiti, 10 jiyè 2018. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares -
Yon ri nan pòtoprens Ayiti, 10 jiyè 2018. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares -

Te gen yon panik anba lavil Pòtoprens jedi 4 septanm 2018 la espesyalman nan ri Charewon nan moman yon tank gaz mekanisyen yo itlize pou fè travay soudi eksploze nan yon garaj.

Nouvèl yo rapòte, gaz la se yon konpozisyon chimik N204, yo oksidan ki gen anpil puisans krosif e toksit. Bilan eksplozyon an, yon moun pèdi lavi l. 17 lòt soufri ak malèz entoksikasyon apre yo te fin pran sant gaz la. Vitktim yo te kouri lopital pou ap pran swen ka yo merite.

Dr. Lauré Adrien, direktè genereral Ministè Sante Piblik la ki tap reyaji sou ensidan an, fè konnen pasyen ki te vin chache swen lopital apre te fin pran sant gaz la, antre lakay yo. Otorite yo poko reyaji nan laprès pou bay enfèmasyon sou rezon ki ta lakoz eksplozyon an.

XS
SM
MD
LG