Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Ensekirite Ankò, Ensekirite Toujou


Lapolis k ap tire sou manifestan nan yon mouvman pwotestasyon ki t ap dewoule nan okazyon anivèsè lanmò fondatè patri a, Jan-Jak Desalin, 17 oktòb 2018.
Lapolis k ap tire sou manifestan nan yon mouvman pwotestasyon ki t ap dewoule nan okazyon anivèsè lanmò fondatè patri a, Jan-Jak Desalin, 17 oktòb 2018.

“Ensikite ankò, Ensekirite toujou” se mo pou mo tèm jounalis Evens Regis devlope nan yon atik kote li pran sant-vil Pòtoprens kòm egzanp pou l ilistre fason ensekirite ap vale tèren nan kapital la. E tit nou “Ayiti: Ensekirite an Pèmanans” se yon entèpretasyon tèm atik sa a ki parèt nan jounal Le National sou evolisyon fenomèn nan nan Peyi d Ayiti kote yon sitiyasyon tèt-anba, avèk aktè san fwa ni lwa, manifeste li sou plizyè fòm nan divès bidonvil.

Kwonikè a ekri:

<<Chèf gand “Kiki” –se sou non sa a yo konnen misye- mouri nan konfwontasyon ki dewoule ant 2 gwoup ame pou kontwòl La Salin avèk katye ki alantou l yo. Yon lòt chèf gang ki rele “Bout Jan-Jan” tonbe anba men lapolis pandan konfwontasyon sa yo; misye te blese, li menm. Sepandan sa pa chanje anyen; lagè pou kontwòl sant-vil Pòtoprens la vin ranfòse.

Kawoutyou k ap boule nan lari Pòtoprens.
Kawoutyou k ap boule nan lari Pòtoprens.

<<Pou lemoman, pèsonn moun pa kapab pwoche zòn sa a. Akoz lagè sa a, ti machann yo oblije sispann tout aktivite yo. Video ak foto rezidan zòn nan pran montre yon afè de 10 kadav ki enstale sou kèk pil fatra moun wè toupatou nan katye popilè sa a. Kèk nan rezidan yo, ki patisipe nan pwogram lib tribin sou divès estasyon radyo nan kapital la, prezante yon bilan byen tris pou konfwontasyon an. Sepandan PNH (Polis Nasyonal d Ayiti) poko pibliye fè ofisyèl yo, ni li pa fè non plis okenn deklarasyon sou sitiyasyon an.

Daprè temwayaj kèk moun jounalis Evens Regis rapòte nan atik la, sanble youn nan 2 gwoup rival ame yo ta genyen bon jan koneksyon avèk “pouvwa an plas la”.

<<Moun yo di se avèk asistans yon kòmando k ap travay pou otorite yo ke nèg ame sa yo te fè yon desantdelye nan katye a kote yo masakre 10 moun pou pi piti. E pou atakan yo te anpeche moun kouri kite zòn nan, yo te itilize kèk bonbòn gaz lakrimojèn.>>

Evens Rejis fè yon konsta final kote li prevwa sitiyasyon an genyen pou l vin pi mal anvan li vin pi byen.

<<Jounen jodi a peyi a tounen yon bwat ki ranpli ak eksplozif. Tout gwoup ame k ap evolye nan katye popilè yo vin ranfòse kapasite yo; nan zòn kote gwoup konsa pa egziste, gang ame ap fòme. Daprè kès sous, se zam gwo kalib e tou nèf ki nan men gangstè sa yo; se sa ki eksplike, sou plan sekirite a, sitiyasyon an pa bon menm nan kapital la.>>

Evens REGIS

Le National

XS
SM
MD
LG