Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Pwochen Etap Dosye Petro Caribe a Se Pral Devan Lajistis, Dapre Senatè Youri Latortue


Prezidan Etik ak Anti Koripsyon Sena a, Youri Latortue. Foto: (Photo: VOA Creole Service)
Prezidan Etik ak Anti Koripsyon Sena a, Youri Latortue. Foto: (Photo: VOA Creole Service)

Jedi 31 janvye 2019 la, Senatè Youri Latortue resevwa rapò Kou Siperyè dè Kont prepare sou kijan plizyè fonksyonè nan gouvènman ayisyen a te depanse lajan Petro Caribe a.

Nan yon entèvyou Senatè Latortue bay Lavwadlamerik, li di li pral voye rapò sa a bay lajistis pou mete aksyon piblik an mouvman kont moun rapò a mansyone yo. Senatè Latortue ap reponn kesyon Ronald Cesar.

Entèvyou ak Senatè Youri Latortue sou Ankèt Fon Petro Caribe a
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:49 0:00

Chèf leta a nan seremoni inogirasyon nouvo premye minis gouvènman li an Jean Henry Céant te pase enstriksyon pou limyè fèt sou dosye Petro Caribe a. Sou menm dosye sa a, plizyè wo fonksyonè pwòch pouvwa a te jwenn revokasyon yo akoz enplikasyon yo nan dosye Petro Caribe a.

Nan jou pase yo, premye minis Céant te vizite Kou Siperyè Dè Kont pou konnen nan ki pwen rapò a ye avan pou l ta pran lòt pakou tankou achemine l devan lajistis jan anpil mou nan popilasyon an ap mande sa a.

Yon pankat ki ekri "Kote lajan Petro Caribe"
Yon pankat ki ekri "Kote lajan Petro Caribe"

Pandan ane 2018 la manifestasyon te dewoule atravè peyi a ak nan dyaspora a pou mande mete aksyon piblik an mouvman kont tout moun ki enplike nan movèz jesyon fon Petro Caribe a ki se yon lajan Venezuela te prete Ayiti sou fòm sibvansyon gaz e ki te dwe sèvi pou devlopman peyi a.

XS
SM
MD
LG