Accessibility links

Breaking News

Jij Enstriksyon Ramancite Accime Tande Plent Plizyè Sitwayen nan Pòtoprens sou Dosye Petwo Karibe a


Yon ansèy nan yon poto nan Pòtoprens ki ekri yon kesyon, "Kot Kòb Petro Caribe a."
Yon ansèy nan yon poto nan Pòtoprens ki ekri yon kesyon, "Kot Kòb Petro Caribe a."

Nan kad ankèt kap mennen sou dosye Petwo Karibe a Jij Enstriksyon Ramancite Accime odisyone madi 2 oktòb 2018 la, Rezo Nasyonal Plenyan Petwo Karibe ak kèk sitwayen ki konstitye tèt yo an Pati Sivil.

Youn nan plenyan yo, Fauta Maisonneuve di li satisfè de seyasn dodisyon an e espere majistra entriktè a pa mennen dosye byen e ki dwe debouche sou yon pwosè.

Mèt Maurice Noël bò kote pal fè konnen gen 21 fanm ak gason ki enplike nan dilapidasyon fon Petro Caribe men li pat bay non moun sa yo. Mèt Andre Michel, yon lòt avoka byen koni nan demach pou limyè fèt sou kòman dirijan avan yo te depanse lajan sa a, di wè pa wè pwosè Petro Caribe ap fèt kanmèm. Li ankouraje tout sitwayen pou fè menm jan yo, vin pote plent pou nan kabinè distriksyon kap okipe l de dosye

XS
SM
MD
LG