Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Sena a Reyini pou Debat Dosye Fon Petwo Karibe a


Senatè ayisyen yo pandan yon vòt nan Gran Kò a, Foto: 13 fevriye 2016. REUTERS/Andres Martinez Casares.
Senatè ayisyen yo pandan yon vòt nan Gran Kò a, Foto: 13 fevriye 2016. REUTERS/Andres Martinez Casares.
Yon seyans sou rapò Komisyon Espesyal Senatoryal la te drese sou jesyon fon Petwo Karibe a ap dewoule mekredi 31 janvye 2018 nan Sena a. Dapre Prezidan Gran Kò a ,Senatè Joseph Lambert, tout dispozisyon deja pran pou seyans lan pase byen.

Rapò sou depans lajan nan fon Petwo Karibe a fè mansyon de plizyè wo fonksyonè leta ki te sèt oblije vin reponn kesyon anketè yo, sou fason yo te jere lajan leta a ki te nan men yo.

Yon lòt kote, pandan plizyè sektè nan opozisyon an ap mande lajistis mete aksyon piblik an mouvman kont moun non yo site nan rapò a ki ta depanse lajan leta nan movèz kondisyon, ebyen, anpil lòt sitwayen estime rapò komisyon an vize yon sektè byen detèmine.

Lè rapò a te fèk pibliye a, Ansyen Premye Minis sou Prezidan Michel Martelly Laurent Lamothe te bay yon konferans pou laprès kote li denonse iregilarite ak fo akizasyon ki genyen nan rapò. Depi lè sa a, Sena a pot ko janm pwononse li sou rapò a.

XS
SM
MD
LG