Accessibility links

Breaking News

Prezidan Sena Ayiti a di Chanm Wot la pa Pare poul fè yon Deklarasyon sou Kesyon Petwo Karibe a


Prezidan Sena peyi Dayiti a, Joseph Lambert.
Prezidan Sena peyi Dayiti a, Joseph Lambert.

Prezidan Sena peyi Dayiti a, Joseph Lambert, fè konnen limenm ak kòlèg li yo pap pwononse yo sou rapò Petwo Karibe a paske entansyon Gran Kò apre yo fin resevwa rapò a nan men Kou Siperyè dè Kont, yo pral achemine dosye a devan lajistis.

Lòt nouvèl:

Lapolis anonse yo pran tout dispozisyon pou garanti sekirite pandan ouvèti lekòl ki fikse pou lendi 3 septanm 2018 la nan tout peyi a. Responsab yo mobilize 7 mil polisye pou garanti sekirite ekolye yo. Enstitisyon polisyè a anonse yon seri mezi pou konbat elèv ki chita sou plas piblik yo nan lè yo te dwe nan sal de klas, Entèdi machann vann alkòl nan alantou etablisman eskolè yo, entèdi lekòl òganize banbòch mizikal nan establisman yo pandan yo mande pwopriyetè klub yo pou yo entèdi elèv frekante bwat sa yo.

Repiblik Dominikèn pibliye yon lis 10 peyi pami yo Ayiti li konsidere kòm yon menas pou li. An plis de Ayiti , lis la gen ladann Kiba, Lachinn, Hong Kong, End, Siri, Afganistan, Pakistan, Iran ak Irak. Sitwayen peyi sa yo bezwen yon lèt afidavit sipò avan yo jwenn yon viza touris pou yo vizite peyi a. Kandida a dwe prezante nan konsila a ak lèt la ki dwe notarye e pote siyati minis jistis peyi li.


XS
SM
MD
LG