Accessibility links

Breaking News

Manm BTS yo Fè Fas Ak Posibilite pou yo Oblije Fè Sèvis Militè


Foto Achiv: Manm gwoup K-Pop Sid Koreyen BTS: V, SUGA, Jin, Jung Kook, RM, Jimin, ak J-Hope.
Foto Achiv: Manm gwoup K-Pop Sid Koreyen BTS: V, SUGA, Jin, Jung Kook, RM, Jimin, ak J-Hope.

Sanble Lame Kore di Sid vle egzije kèk manm gwoup K-Pòp BTS la fè sèvis militè, ki se yon egzijans nan peyi Kore di Sid.

Sepandan, piblik la divize sou si wi ou non ti mesye yo ta dwe resevwa egzanpsyon pou yo pa oblije fè sèvis militè.

Komisè ki jere Anplwaye Militè Kore di Sid yo, Lee Ki Sik, di palmantè yo Vandredi, li "dezirab" pou manm BTS yo fè sèvis militè yo, pou asire sèvis militè peyi a fèt yon fason ki jis.

Kestyon pou konnen si tou le 7 manm gwoup la ta dwe fè sèvis militè se youn nan kestyon pi chofe moun ap pale nan Kore di Sid, paske manm gwoup la ki pi gran an, Jin, ap fè fas ak posibilite pou li enskri pou sèvis militè nan kòmansman ane a, apre li va gen 30 an nan mwad Desanm nan.

Dapre lwa Kore di Sid, tout gason ki an bòn eta fizik oblije fè 18 - 21 mwa sèvis militè. Sepandan leta konn akòde kèk egzanpsyon espesyal pou atlèt, mizisyen klasik ak mizisyen tradisyonèl, dansè balè epi lòt dansè ki ranpòte gwo pri nan konpetisyon ki amelyore prestij nasyonal la.

San yon revizyon nan lwa a, gouvènman an ka pran mezi pou akòde egzanpsyon espesyal. Sepandan, egzanpsyon ki te bay pou moun ki te byen pèfòme nan konpetisyon ki pa deziye te soulve gwo deba ak kritik pa rapò ak jistis sistèm sa a.

Pwiske egzijans la mande jèn gason yo sispann vi pwofesyonèl yo oubyen etid yo, kestyon evite sèvis militè a vinn tounen yon kestyon ki sansib anpil.

Yon sondaj opinyon ki fèt resaman jwen apepre 61% moun apiye lide pou yo bay atis tankou manm BTS yo egzanpsyon. Gen 54% moun ki di BTS ta dwe fè sèvis militè.

Moun ki jwenn egzanpsyon yo oblije fè 3 semèn fòmasyon militè de baz epi apre sa yo jwenn pèmisyon pou yo pa fè rès sèvis yo. Sepandan, ann echanj, yo oblije travay pandan 544 hè kòm volontè, epi kontinye travay nan domèn pwofesyonèl kote yap travay la pandan 34 mwa.

XS
SM
MD
LG