Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid Taka Fè yon Sondaj Sou Sèvis Militè Manm Gwoup BTS yo


Foto Achiv: Manm gwoup K-Pop Sid Koreyen BTS: V, SUGA, JIN, Jung Kook, RM, Jimin, and j-hope.
Foto Achiv: Manm gwoup K-Pop Sid Koreyen BTS: V, SUGA, JIN, Jung Kook, RM, Jimin, and j-hope.

Kore di Sid taka fè yon sondaj piblik pou ede detèmine si li ta dwe akode manm gwoup K-Pop BTS la yon egzanpsyon pou fè sèvis militè mandatwa peyi a.

Kestyon sèvis militè pou 7 manm gwoup la se yon kestyon ki soulve gwo pale anpil nan Kore di Sid paske atis gwoup la ki pi gran an, Jin, ap fè fas ak egzijans pou'l anrejistre pou sèvis militè nan mwad Desanm lan lè li va gen 30 an.

Minis defans peyi a mande palmantè yo fè yon sondaj vit-e-prese pou detèrmine kisa popilasyon an panse. Li di ministè li a pral gade tou, divès lòt faktè tankou enpak ekonomik BTS genyen sou peyi a, enpòtans sèvis militè pou peyi a epi enterè nasyonal an jeneral sou kestyon an.

Lwa peyi Kore di Sid egzije pou tout gason peyi a ki an bon eta fizik fè sèvis militè pandan ant 18 ak 21 mwa.

Sepandan, yo konn akòde sèten atlèt, mizisyen ak atis egzanpsyon.

XS
SM
MD
LG