Accessibility links

Breaking News

Jwè Klib Futbòl Sevilla yo Aprann Danse nan Stil K-Pòp


Foutbolè Sevilla yo Tante Chans yo ak Dans K-Pop
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:42 0:00

Foutbolè Sevilla yo Tante Chans yo ak Dans K-Pop

Jwe klib Espayol Sevilla, ki fe pati La Liga yo te montre sa yo ka fè sou pis dans la - apre yo aprann yon dans gwoup K-Pòp yo kònn fè.

Triyo Nemanja Gudelj, Munir El Haddadi epi Papu Gomez te aprann byen vit nan yon kou entansif - dans gwoup pòp Koreyen tankou BTS konn fè pandan yon vizit nan Sant Mondyal K-Pòp la nan vil Seoul, kapital Kore di Sid.

Ekip la ap vizite Kore di Sid semèn sa a pou antrene epi fè yon match amikal ak Tottenham Hotspur Samdi.

Vwayaj la bay jwè yo chans wè kiman moun yo viv nan Kore epi byen antandu gen ladann K-Pòp ki se youn nan pwodui kiltirèl pi popilè Kore di Sid ekspòte.

Pandan 3 jwè yo tap travay sou dans la, vedèt Sevilla Jesus Manuel Corona, Lucas Ocampos ak Yassine Bounou te antre nan stidyo anrejistreman an pou anrejistre yon vèsyon K-Pòp him klib Sevilla a.

XS
SM
MD
LG