Accessibility links

Breaking News

Megavedèt Koreyen BTS Patisipe nan Ronkont Lamezonblanch ak Laprès Jodi a

Manm sipègwoup K-Pop Koreyen BTS (a goch) Jimin, RM, Jin ak J-Hope, rejwenn sekretè de près Lamezonblanch la, Karine Jean-Pierre pou rankont kotidyen ak korespondan Lamezonblanch yo nan Washington, Madi 31 Me, 2022.

Megavedèt Sid Koreyen BTS asiste konferans pou laprès Lamezonblanch la madi 31 me a anvan gwoup la te fè yon rankont ak Prezidan Joe Biden pou komemore Mwa Eritaj Azyatik yo.

Atis popilè yo te pale sou enklizyon ak jan yo te gen lapenn lè yo te aprann gen yon gwo ogmantasyon nan kantite krim "rayisman" moun komèt Ozetazini - pami yo krim kont Ameriken ki gen orijin azyatik yo.

Vedèt K-Pop Koreyen BTS Asiste Rankont ak Laprès Lamezonblanch la
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:51 0:00

"Se pa yon move bagay lè ou diferan. Egalite kòmanse lè nou louvri lespri nou e anbrase diferans nou yo." Se deklarasyon Suga, youn nan manm ki pi popilè nan gwoup la.

BTS pa t reponn kesyon jounalis Lamezonblanch yo pandan rankont la.

Enfòmasyon pou repòtaj sa a sòti nan Associated Press.

XS
SM
MD
LG