Accessibility links

Breaking News

BTS Rive nan Seremoni Remiz Pri Grammy yo ak Fòs


BTS sou tapi wouj 64em seremoni Remiz Pri Grammy yo nan Stad MGM Grand la nan vil Las Vegas, Dimanch 3 Avril 2022.
BTS sou tapi wouj 64em seremoni Remiz Pri Grammy yo nan Stad MGM Grand la nan vil Las Vegas, Dimanch 3 Avril 2022.

BTS rive nan sermemoni remiz pri Grammy a an fos apre kèk nan manm yo te teste pozitiv pou COVID-19.

Tou le 7 manm gwoup mega-vedèt Koreyen an te defile sou tapi wouj la ak kostim modis Louis Vuitton sou yo epi soulye tenis diferan koulè soti depi blan pou rive ble. Gen yon manm gwoup la ki te tache gwo fle diferan koulè sou vès li.

BTS ranpote yon nominasyon pou hit yo a "Butter" e yo pral chante pandan seremoni an tou.

Jungkook, youn nan chantè ki pi popilè yo teste pozitif pou kowonaviris la men li fini ak peryod karantèn ni.

Olivia Rodrigo rive nan 64em seremoni remiz pri Grammy yo nan stad MGM Grand Garden nan nan vil Las Vegas, Dimanch 3 Avril 2022.
Olivia Rodrigo rive nan 64em seremoni remiz pri Grammy yo nan stad MGM Grand Garden nan nan vil Las Vegas, Dimanch 3 Avril 2022.

Olivia Rodrigo ranpote premye pri Grammy karyè li nan sa ki taka yon gwo sware pou li.

Chantez la ki gen 19 an, ranpote pri pou meyè pèfomans solo pop la pou hit li a, "Drivers License".

Tib sila ate fè ex aktris Disney Channel la tounen yon gwo vedèt pop epi ede albom ni an "Sour" tounen youn nan albom pi popilè ane a.

Rodrigo pat sou plas pou aksepte pri a, ke yo te prezante anvan seremoni Grammy a, men li se youn nan atis ki pral pèfome pandan sware a. Li te defile sou tapi wouj la ak yon rad nwa sere modis Vivienne Westwood.

Chantez lal gen 6 lot nominasyon pou pri Grammy Dimanch swa, pami yo meyè nouvo atis ak albom ane a.

XS
SM
MD
LG