Accessibility links

Breaking News

Will Smith Prezante Ekskiz li: 'Mwen Depase Limit yo e Mwen gen Tò'


Prezantate Chris Rock a goch, reyaji apre Will Smith souflete li pandan li tap prezante pri pou meye dokimante a nan seremoni remiz pri Oscar la, Dimanch 27 Mas, 2022.
Prezantate Chris Rock a goch, reyaji apre Will Smith souflete li pandan li tap prezante pri pou meye dokimante a nan seremoni remiz pri Oscar la, Dimanch 27 Mas, 2022.

Will Smith prezante eskiz li bay Chris Rock pou souflèt li bay misye pandan sermoni remiz pri Oscar yo Dimanch. Nan yon deklarasyon li pibliye li di li te "depase limit yo" e li "gen tò".

Smith pibliye deklarasyon an sou kont ofisyèl Instagram li kote li di li wòt sa'l fè a.

Souflèt Smith bay Rock la fè spektatè nan Teyat Dolby a ak sa yo ki tap swiv lakay yo sezi.

Akademi a kondane konpòtman Smith la Lendi.

Nap raple ke Will Smith bay komedyen Chris Rock yon kalòt apre misye te fè yon blag sou madanm Smith la, Jada Pinket Smith.

Apre sa, Smith te ranpote pri Oscar pou Meyè Aktè. Lendi li te prezante ekskiz li bay akademi a, pwodiktè seremoni remiz pri Oscar yo ak spektatè yo.

Jounalis magazin Vanity Fair, Erin Vanderhoof di ensidan an make Oscar yo ane sa a.

Eske savledi yo pap janm envite Smith nan Oscar yo?

"Nan tan moden sa yo mwen kwe li vreman difisil pou konnen si yon bagay pral dire, setadi gen move konsekans. Mwen kwe misye fe sa'l te kapab - ou te ka we sa nan fen diskou li le li si 'mwen se yon moun ki' e li konpare tet li ak Richard williams, pesonaj li te jwe nan film nan, ki se yon moun ki travay di pou defann fanmi li," Vanderhoof deklare.

Jounalis la di dapre sa'l tande Smith te koze ak Rock apre seremoni an e tout bagay te nomal ant yo.

Men, Reyaksyon nan Hollywood menm jan ak pami senp sitwayen toupatou nan mond lan depaman. Gen moun ki kondane'l e gen lot ki apiye Will Smith.

XS
SM
MD
LG