Accessibility links

Breaking News

Plis Moun te Gade Seremoni Oscar la Ane sa a


Will Smith frape Chris Rock pandan seremoni remiz pri Oscar yo nan Hollywood, Kalifoni, 27 Mas 2022.
Will Smith frape Chris Rock pandan seremoni remiz pri Oscar yo nan Hollywood, Kalifoni, 27 Mas 2022.

Chif sou kantite moun ki t ap gade seremoni Oscar la moute yon ti kras pa rapò ak ane pase a kote li te bat rekò pou yon piblik redwi.

Yon afè 15 milyon 360,000 moun ki t ap gade seremoni dimanch la, dapre chif preliminè konpayi Nielsen ke chèn televizyon ABC pibliye ayè lendi a. Yon estimasyon pi detaye ka soti jodi madi a, kote yo ka ajoute moun ki pa t lakay yo e ki t ap gade.

"CODA" ranpòte pri pou meyè sinematografi, men tout loreya ak tout pèdan yo te manke jwenn atansyon akoz aktè e loreya pri Akte Ane a, Will Smith, ki te kouri moute sou sèn nan e kalote komedyen Chris Rock poutèt yon blag misye fè sou madanm li, Jada Pinkett Smith.

Lè seremoni an te dewoule nan mitan pandemi COVID-19 la an 2021, li te desann nan ti chif 9 milyon 850-mil telespektatè. Sa te pouse responsab yo fè plizyè chanjman nan seremoni Oscar yo ane sa a, kote yo te ajoute kèk animatè ak 8 kategori anplis.

Pandanke sa te klèman ede, yon piblik 15 milyon moun toujou rete pi piti pase 23 milyon 600-mil moun ki te gade Oscar yo an 2020. Jiska ane pase, se premye fwa te gen yon ti piblik piti konsa pou yon seremoni Oscar.

XS
SM
MD
LG