Accessibility links

Breaking News

Men Kijan Hollywood Reyaji sou Kout Pwen Will Smith bay Chris Rock pandan Oscars yo


Men Kijan Hollywood Reyaji sou Kalòt Will Smith bay Chris Rock
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:28 0:00

Men Kijan Hollywood Reyaji sou Kalòt Will Smith bay Chris Rock

Kout pwen aktè Will Smith bay Chris Rock pandan seremoni Oscar yo soulve gwo pale anpil pami spektatè yo sou rezo sosyal yo. Ann gade kijan Hollywood reyaji, ak Sandra Lemaire.

Will Smith te souriyan le li rive nan fet magazin Vanity Fair la Dimanch ak nouvo pri Oscar li an men. Fanmi li te akonpaye'l.

Akte a, ki pran pri Meye Aktè Ane a pou pèfomans li nan "King Richard" te bay komedyen Chris Rock yon kout pwen nan machwè, apre yon blag misye te fè sou madanm ni, aktris Jada Pinkett-Smith.

Will Smith rive nan fet Oscar Vanity Fair la Dimanch 27 Mas ak pri Oscar li nan men'l.
Will Smith rive nan fet Oscar Vanity Fair la Dimanch 27 Mas ak pri Oscar li nan men'l.

Kout pwen an, fè tout moun nan Teyat Dolby ak moun ki tap swiv lakay yo sezi. Men kijan Hollywood ap reyaji.

Pitit gason Will Smith la, Jaden reyaji sou Twitter ke "Men Kijan Nou Fè l"

Aktris Tiffany Haddish di "Mwen ta renmen gen yon nèg kap pwoteje'm konsa."

Karamo Brown, yon pèsonaj televizyon popilè deklare: "Mwen kwè sa nou ka aprann se ke vedèt yo nou pa wè yo tankou kretyen vivan, pa fwa nou nwi yo san rete. Aswè a sete yon sware chaje ak emosyon pou Will Smith nempot kijan ou gade'l. E mwen kwè fok nou sonje gen yon moman kote tout moun di sètase. Mwen kwè 2 mesye yo va rankontre epi rezoud pwoblèm nan epi prezante ekskiz yo. Mwen poko janm nan yon sityasyon konsa. Mwen pa apiye vyolans men mwen ka konprann yon moun ki vle pwoteje moun li renmen an."

Aktè Henry Golding di "Mwen kwè tou 2 se lejann. Mwen kwè gen yon diskisyon pi pwofon ki fèt pou dewoule e mwen espere mesye yo rezoud diferans yo, mwen si yap fè sa."

Aktris Michaela Jae Rodriguez deklare: "Eben pa fwa lè wap pale de madanm yon moun se pa yon bagay ou ka anpeche. Se sa'm kwè."

Akte e sineyas Rob Reiner kritike aksyon Will Smith sou Twitter.

"Will Smith dwe Chris Rock yon gwo ekskuz pou sa'l fe a. Li gen chans Chris pap asiyen'l. Ekskiz li bay aswe a pa vo anyen," Reiner deklare nan yon tweet.

Maria Shriver, ex madanm ex-gouvene eta Kalifoni Arnold Schwarzenegger kritike Will Smith sou Twitter tou.

"Nou pata janm dwe chita pou nap gade yon vedèt sinema frape yon moun sou televizyon global epi kèk minit apre aksepte yon pri Oscar pandan spektatè yo leve kanpe pou bat bravo epi misye ap pale de lanmou. Lanmou pa vyolan. Se pa lanmou nou te wè aswè a," li deklare.

Will Smith ak madanm ni, Jada Pinkett Smith rive nan seremoni remiz pri Oscar yo Dimanch 27 Mas, 2022.
Will Smith ak madanm ni, Jada Pinkett Smith rive nan seremoni remiz pri Oscar yo Dimanch 27 Mas, 2022.

Antouka, Smith te sanble l kontan pandan li tap poze pou foto bo kote madanm ni Jada, pitit li yo Willow, Jaden ak Trey. Men li pa pale ak lapres sou ensidan an.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG