Accessibility links

Breaking News

Will Smith Konfwonte Chris Rock, Epi Ranpòte pri Oscar pou Aktè Ane a


Animate Chris Rock, a goch, reyaji apre Will Smith bali yon kout pwen nan machwe pandan li tap prezante pri pou meye dokimante nan seremoni remiz pri Oscar la, Dimanch 27 Mas, 2022.
Animate Chris Rock, a goch, reyaji apre Will Smith bali yon kout pwen nan machwe pandan li tap prezante pri pou meye dokimante nan seremoni remiz pri Oscar la, Dimanch 27 Mas, 2022.

Will Smith monte sou sèn nan epi frape animatè Chris Rock Dimanch swa pandan seremoni remiz pri Oscar la apre Rock te bay yon blag sou madanm Smith la, aktris Jada Pinkett Smith.

Smith, te ranpote apre sa, pri pou Meyè Aktè Ane a pou pèfòmans li nan "King Richard". Misye te prezante ekskiz li bay Akademi a pou konpòtman ni pandan diskou akseptans li.

Foul la nan teyat Dolby la pat di krik nan moman Smith te rele joure Rock depi syèj kote li te chita a epi di'l "pa f--t site non madanm mwen."


Rock te fè yon blag sou tèt kale aktris Pinkett Smith la. Pinket Smitt te revele an 2018 ke li gen maladi ki rele alopecia. (Yon maladi ki fè moun pèdi cheve yo).

Aktris la diskite souvan defi maladi sa a poze pou li, sou kont Instagram ni ak lot rezo sosyal yo.

XS
SM
MD
LG