Accessibility links

Breaking News

Seremoni Remiz Pri Oscar la Fikse pou Dimanch - ak Anpil Chanjman

Yon kolaj film ki ranpote nominasyon pou pri Oscar pou Meye Film Ane a: "Bellfast, CODA, Don't Look Up, Drive My Car, Dune, King Richard, Licorice Pizza, Nightmare Alley, The Power of the Dog, epi West Side Story."

Pou premye fwa depi 2 zan, Pri Akademi yo ap woule tapi wouj la nan Teyat Dolby vil Los Angeles la pou sa òganizatè yo espere ap siyale yon retou nan eta nòmal Oscar yo.

Sepandan gen yon pakèt bagay ki chanje.

Emisyon televizyon pou 94èm seremoni remiz Pri Akademi yo pral tanmen a 8hè EDT (Lè Washington ak Potoprens) sou chèn televizyon ABC. Men pa gen anpil lòt bagay kap swiv tradisyon Oscar yo.

Foto Achiv: Stati Oscar la pandan yon dejene pou loreya 91em Pri Akademi yo, nan Beverly Hills, Kalifoni, 4 Fevriye 2019.
Foto Achiv: Stati Oscar la pandan yon dejene pou loreya 91em Pri Akademi yo, nan Beverly Hills, Kalifoni, 4 Fevriye 2019.

Yon hèd tan anvan emisyon televize a kòmanse, envite yo pral rasanble nan teyat Dolby a pou prezantasyon 8 pri.

Ki film ki pral ranpòte Oscar pou Meyè Film Ane a? Anpil moun kwè se pral "CODA" yon film Apple TV, oubyen "The Power of the Dog" ki se yon film Netflix.

Si youn nan 2 film sa yo genyen se ta premye fwa yon sèvis streaming (difizyon an liy) ta ranpòte pri Oscar la.

XS
SM
MD
LG