Accessibility links

Breaking News

Aktè Ameriken William Hurt Mouri


Foto Achiv: Akte William Hurt.
Foto Achiv: Akte William Hurt.

NOUYOK - Aktè William Hurt ki te ranpòte yon pri Oscar pou film "Broadcast News", "Body Heat" ak "The Big Chill" mouri. Li te gen 71 zan.

Pitit gason Hurt pibliye yon deklarasyon kote li di papa li mouri Dimanch de koz natirèl. Hurt mouri pezibman nan mitan fanmi ni. Se jounal "Deadline" ki te an premye pou bay nouvèl sou lanmò Hurt.

Pandan karyè li ki dire anpil ane, Hurt te ranpòte 3 nominasyon pou pri Oscar, e li te ranpòte youn pou film "Kiss of the Spider Woman" an 1985.

XS
SM
MD
LG