Accessibility links

Breaking News

Akademi a Kondane Konpòtman Will Smith Pandan Oscar yo, Lanse yon Ankèt


Will Smith frape Chris Rock pandan seremoni remiz pri Oscar yo nan Hollywood, Kalifoni, 27 Mas 2022.
Will Smith frape Chris Rock pandan seremoni remiz pri Oscar yo nan Hollywood, Kalifoni, 27 Mas 2022.

Akademi Ar Sinematografik ak la Syans, AMPAS kondane aksyon Will Smith poze pandan seremoni remiz pri Dimanch swa a e li di li pral revize ofisyèlman ensiden kote aktè a souflete prezantatè Chris Rock.

Nan yon deklarasyon li pibliye Lendi, akademi sinema a di li pral "eksplore lòt aksyon ak konsekans ann akò ak règleman, standar konpotman ak lwa eta Kalifòni."

Akademi a pa site non Smith nan yon deklarasyon li te pibliye Dimanch swa apre konfwontasyon an.


"Akademi a pa apiye vyolans ditou ditou. Aswè a nou kontan selebre loreya 94èm Pri Akademi yo ki merite moman sa a kote kanmarad yo kap travay nan endistri sinema a ak sinefil toupatou nan mond lan rekonèt ekselans yo."

Smith te bay Rock yon kou apre komedyen an te fè yon blag sou madanm Smith la, Jada Pinkett Smith.

Will Smith ranpòte pri Oscar pou Meyè Aktè Ane a pi ta pandan seremoni an.

XS
SM
MD
LG