Accessibility links

Breaking News

Sansasyon K-Pop BTS Pral Pousuiv Pwojè Solo


Foto Achiv: Manm gwoup K-Pop BTS sou tapi wouj seremoni remiz pri Grammy yo, nan Las Vegas, 3 Avril, 2022.
Foto Achiv: Manm gwoup K-Pop BTS sou tapi wouj seremoni remiz pri Grammy yo, nan Las Vegas, 3 Avril, 2022.

Megavedèt K-Pop BTS anonse yo pral pousuiv pwojè solo, sepandan konpayi mizik mizisyen Sid Koreyen yo di sa pa vledi ti mesye yo ap pran konje.

7 manm gwoup la te pale de avni yo nan yon videyo kote yo te selebre 9èm anivèsè premye tib yo a.

Sepandan yon deklarasyon Hybe, konpayi Sid Koreyen ki jere BTS di yo pral kontinye travay sou pwojè antanke gwoup e ke yo pap pran vakans.

Manm gwoup la admèt li difisil pou yo evolye antanke atis endividyèl paske gwoup la te gen siksè vit e prese e yo te ranmase yon dig dal fanatik entènasyonal apre yo te plibliye hit tankou "Butter" ak "Dynamite".

XS
SM
MD
LG