Accessibility links

Breaking News
Azi

Kore di Nò Teste yon Nouvo Zam Nikleyè


Moun nan yon stasyon tren nan Seoul, Kore di Sid gade yon ekran televizyon ki montre lide Kore di No a, Kim Jong Un pandan yon ese zam taktik telegide, Dimanch 17 Avril 2022.
Moun nan yon stasyon tren nan Seoul, Kore di Sid gade yon ekran televizyon ki montre lide Kore di No a, Kim Jong Un pandan yon ese zam taktik telegide, Dimanch 17 Avril 2022.

Kore di Nò fè konnen li teste ak siksè yon nouvo misil taktik telegide li fèk devlope.

Ajans nouvèl ofisyèl Santral Koreyen an deklare Dimanch ke lidè Kim Jong Un te obsève lansman an, ke li di pral ogmante operasyon fòs nikleyè taknik peyi a.

Lame Kore di Sid la di li detekte 2 lansman. Yo se dènye nan yon seri esè Kore di Nò fè ke ekspè yo di vize elaji asnal nikleyè peyi a epi ogmante presyon sou peyi rival li yo nan moman chita tande sou de-nikleyarizasyon yo bloke.

XS
SM
MD
LG