Accessibility links

Breaking News
Azi

Kore di Nò Deklare Nouvo Misil Long Pòte li ap Diminye Manèv "Danjre" Lame Amerikèn


Moun gade yon ekran televizyon ki gen yon emisyon nouvel sou lansman misil Kore di No a, nan yon stasyon tren nan vil Seoul, kapital Kore di Sid, Mekredi 16 Mas, 2022.
Moun gade yon ekran televizyon ki gen yon emisyon nouvel sou lansman misil Kore di No a, nan yon stasyon tren nan vil Seoul, kapital Kore di Sid, Mekredi 16 Mas, 2022.

Denye misil Kore di Nò lanse a, sete yon gwo nouvo misil balistik entèkontinantal (ICBM) laprès nasyonal rapòte Vandredi. Yo di esè lidè Kim Jong Un nan te gen kom bi pou montre pwisans fòs nikleyè peyi a epi dekouraje manèv militè Etazini.

Lansman Jedi a sete premye esè konplè yon ICBM ki pote zam nikleyè ke Kore di Nò fè depi ane 2017. Done sou trajektwa misil la endike li te vole pi wo ak pi lontan pase okenn lòt esè nikleyè Nò Koreyen yo te fè anvan sa, anvan li t'al tonbe nan lanmè a lwès peyi Japon.

Analis yo di ICBM Hwasong-17 la se ta pi gran misil ki fonksyone ak pwopilsyon likid ke yon peyi nan mond lan lanse depi yon aparèy terès mobil.

XS
SM
MD
LG