Accessibility links

Breaking News
Azi

Yon Ansyen Avoka Eli Nouvo Prezidan Kore di Sid

Yoon Suk Yeol, kandida a la prezidan Pati Pouvwa Pep la, ki eli nouvo prezidan Kore di Sid Jedi, pale pandan manm pati li ak palmante Asanble Nasyonal yo felisite'l nan vil Seroul, Kore di Sid, 10 Mas 2022.

Yon ansyen avoka gouvènman konsèvatè deklare se limenm ki genyen eleksyon prezidansyèl Kore di Sid la Jedi, apre rival li ki reprezante pati liberal ki o pouvwa a admèt defèt li.

Batay anmè ant 2 kandida sa yo te kreye divizyon politik nan peyi a.

Yon elektè vote nan eleksyon prezidansyèl la nan yon biwo vot nan Seoul, kapital Kore di Sid, Mèkredi 9 Mas, 2022.
Yon elektè vote nan eleksyon prezidansyèl la nan yon biwo vot nan Seoul, kapital Kore di Sid, Mèkredi 9 Mas, 2022.

Kandida Pati Pouvwa Pèp la Yoon Suk Yeol ranpote 48.59% vwa yo apre 98% pousan bilten yo te finn konte vè 4 hè di maten lè lokal.

Yoon devanse rival li, Lee Jae-myung manm pati liberal la, ki pran limenm 47.80% vwa yo.

Yoon remèsye patizan li yo devan rezidans li nan kapital la, Seoul, apre sa li dekri tankou yon "nwit ki dire lontan".

XS
SM
MD
LG