Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Kore di Nò Blame Etazini pou Lagè a


Foto Achiv: Lide Kore di No, Kim Jong Un ak Madanm ni.
Foto Achiv: Lide Kore di No, Kim Jong Un ak Madanm ni.

Nan yon deklarasyon ofisyèl li fè apre envazyon Larisi a nan Ikrèn, Kore di Nò deklare ke Etazini se "kòz rasin kriz Ikrenyen an".

Nan yon mesaj ki te pibliye Samdi sou sit entènèt Ministè Afè Etranjè Kore di Nò a, ke Ri Ji Song te siyen, di ke Washington te pouswiv yon politik "sipremasi militè kote yo te defye demann lejitim ke Larisi te fè pou sekirite li ".

Mesaj la kontinye poul di "Kòz rasin kriz Ikrenyen an se otoritaris ak abitrète peyi Etazini genyen nan rejyon an" .

Misye Ri kritike Lèzetazini ke li di nan Woulem De Bò "doub estanda" pa rapò ak rès mond lan. Li di Etazini entèfere nan zafè entèn lòt peyi yo nan non konteks ke lap etabli "lapè ak estabilite" pandan y ap "denonse san nesesite mezi oto-defans lòt peyi tankou Larisi ap pran pou asire pwòp sekirite nasyonal yo".

Mesaj la te di"Jou Lèzetazini te sel chef siprèm yo fini".

Ansanm ak La Chin, La Risi se youn pami kèk alye Kore di Nò. Moskou te opoze depi lontan presyon ke gwo peyi yo ap egzèse sou Pyongyang sou pwogram zam nikleye li yo, e li te menm mande pou gen yon soulajman nan sanksyon entènasyonal yo.

XS
SM
MD
LG