Accessibility links

Breaking News

Yon Anketè Nasyonzini Mande pou Fini ak Izolman Entènasyonal Kore di Nò


Tansyon Ant 2 Kore yo
Tansyon Ant 2 Kore yo

Yon envestigatè Nasyonzuni lanse apèl pou mande yon fen nan izolman entènasyonal Kore du Nò a, li bay avètisman pou di izolman kap kontinye sa a pral prolonje violasyon dwazumen nan peyi a kap vin pi grav.

Envestigatè Nasyonzuni Tomas Ojea Quintana di nan yon rapò li soumèt lendi 21 Mas la nan Konsèy dwazumen Nasyonzuni an ke Kore du Nò te separe tèt li ak rès mond lan nan komansman epidemi COVID-19 la nan lane 2020. Li di Izolman total sa a fèt mènm lè te gen yon nouvo seri tès misil ak tansyon ant 2 Kore yo.

Quintana kwè sitiyasyon dwa moun k ap agrave nan peyi a gen rapò ak izolman k ap separe l pi plis ak komunote entènasyonal la.

Li di yonnouvo faz nan tansyon yo kap vale teren sou preskil Koreyen an ka destabilize rejyon an yon fason rapid e danjere.

Apèl ekspè Nasyonzuni an lanse pou mande gouvenman an adopte kèk politik pou ameliore kondisyon lavi pèp li a ki difisil, pa gen moun ki tande-l. Kore du Nò te boykote rankont la.

XS
SM
MD
LG