Accessibility links

Breaking News

Etazini Mande LONU Adopte yon Nouvo Rezolisyon sou Kore di Nò


Etazini ap mande yon nouvo rezolisyon LONU sou Kore di Nò apre rejim kanson fè a te teste yon misil balistik entè-kontinantal 24 Mas pase a.

Apre Kore di Nò te fè premye tès nikleyè li an 2006, Konsèy Sekirite LONU an te enpoze sanksyon pou redui pwogram nikleyè ak pwogram misil peyi a. Pwiske Pyongyang te ogmante tès li depi lè a, Konsèy Sekirite a te mete plis sanksyon sou enpòtasyon ak ekspòtasyon li pou anpeche rejim nan finanse pwogram zam li yo, sitou an 2017 kòm repons apre Kore di Nò te teste lòt misil balistik entè-kontinantal.

"Ajoute plis sanksyon ... sa pa pwal chanje anyen ki vrèman enpòtan pou fè Kore di Nò chanje pozisyon li," dapre Bradley Babson, ansyen konseye Bank Mondyal e manm gwoup konseye Enstiti Ekonomik Etazini sou Kore.

William Brown, yon ansyen analis CIA di, "Sanksyon yo deja entèdi pifò ekspòtasyon Kore di Nò, ak anpil enpòtasyon li..., konsa sa ki dwe fèt se aplike sanksyon ki deja an plas yo."

XS
SM
MD
LG